Eske delidoc sekirize ?
DELIDOC , se yon sit gouvènman an fenk pibliye pou moun fè demand paspò ak kat idantite an liy, li pibliye vandredi 31 mas 2023 la menm pa konnen nan ki dat yo te komanse se devlopel, aspè dizay lan parèt pasab, e avi pam ap yon ti jan baze sou sekirite, se la ki domèn mwen. Mwen se Djefferson Saintilus, mwen ap aprann sekirite enfòmatik, spesyalitem se sekirite ofansiv, sekirite web se lam pi bon, mwen fè "secure code", savle di mwen ka ede devlopè web dekouvri fay lojik nan code yo, e lot fay ki ka riske mete platfòm yap devlope a an dezavantaj ak atakan yo. Mwen panse koze sekirite a paka rezoud byen fasil selon jan majorite a panse sitou pou koze https ke DELIDOC pa genyen an, ann di ke https la, ki se sa yo rele yon sètifika ssl, jis ki rasirew ke pouw stoke done pèsonel ak fè tranzaksyon pa kat fok genyen sètifika sa a pou rasire konfidansyalite kominikasyon an, ant sèvè a ak kliyan an( DELIDOC ak chak moun ki vin fè yon demand), e ke pa gen yon moun ki ka chanje ...